
Bos Tayè Lyrics
- Genre:Latin Music
- Year of Release:2022
Lyrics
Se te yon bòs tayè
Yo rele Jacques Cadet
Misye gen yon kliyant
Ki te rele Venant
Mini jip ekspoze
Manmzèl vin eseye
Yon rantre nan lachanm
Pou yo fè yon jwèt ansanm
Madanm li pa la
Li mete veye kay la
Nan mete bèl kontwòl
Tande sa k pase
Lè m fè sa m louvri pòt
Kè yo sote
Kenbe kenbe
Kenbe kenbe
Kenbe kenbe
Si w pa ban m pa m
M ap di madanm
Bare bare
Bare bare
Bare bare
Si w pa ban m pa m
M ap di madanm
Kouri san pèdi tan
M mande separasyon
M anvi fè eskonbrit
Pou vwazinay parèt
Olye de santimèt
M wè se kout sizo
Yo remake m move
Yo ban mwen san babye
M manje, m manje
M manje, m manje
M manje, m manje
Li télman bon, m kab pale
M manje, m manje
M manje, m manje
M manje, m manje
M fé kwa sou bouch, pou m pa pale
Tayè taye
Apranti dekoupe
Tayè taye
Apranti dekoupe
Wo ho, sizo mwen nan men mwen
Kite m taye
Santimét mwen pare
Kite m koupe
Zegui mwen file
Kite m taye
Bobin fil mwen chaje
Kite m koupe
Machinakoud mwen tou néf
Kite m taye
Lonn mwen long
Kite m koupe
Kite m koupe twal
Kite m taye
Kite m taye rad
Pou m met sou medam yo, tande
Tayè taye
Apranti dekoupe
Tayè taye
Apranti dekoupe
Bòs tayè
M renmen kout sizo w la, wi
Se yon sizo de kòn
Ki ta p taye yon twal
Lakay Jacques Cadet
Gade machè
Mwen ba w nèf mwa pou peye
Bòs tayè, bos tayè
Mwen ta di, ou se yon kanson fè
Bòs tayè, bòs tayè
Mwen ta di, ou se yon kanson fè
Jacques Cadet kòm atoufè
Kou yon graté devan bal
Venant kwaze sizo, sizo fè kannal
Madanm pa la
Ou kab nan fè sa ki mal
Mwen anvi fè tripotay
Venant rilaks, pou m pa fè deblozay
Lonn li long tou
Se yon sizo de kòn
Ki ta p taye yon twal
Lakay Jacques Cadet
Gade machè
Mwen ba w néf mwa pou peye
Sizo m nan men m
Kite m taye, anh anh