![Ou Se](https://source.boomplaymusic.com/group10/M00/12/07/f35dd244ac4b4b45912e23b10ea6c41d_464_464.jpg)
Ou Se Lyrics
- Genre:Latin music
- Year of Release:1993
Lyrics
Tankou yon boulvari
Mwen pa konn kote l soti
Tankou yon rèl nan syèl
Ki fè tout zwezo kouri
Tankou yon dife
Ki fè kè timoun tranble
Tankou yon flè mwa me
Ki fè tout balkon panche
San nan kò m ap bouyi
Chak fwa mwen sonje w
San nan kò m pran lari
Kou moun fou m ape, m ape chache w
Tankou yon vag lanmè
Ki pa kite anyen dèyè
Tankou yon pil foumi
K anvayi yon galri
San nan kò m ap bouyi
Chak fwa mwen sonje w
San nan kò m pran lari
Kou moun fou m ape, m ape chache w
Ou se, ou se
De je nan tèt mwen
Ou se, ou se
Pi bèl chante mwen
Ou se, ou se
Limit chimen mwen
Ou se, ou se
Sèl flè jaden mwen
Ye iye yeah, ye iye yeah
Ye iye yeah, ye iye yeah
Ou se tout sa m anvi
Ou se kote m rete
Wout mwen pran nan dòmi
Souf ki fè m respire
Ou se sèl maladi m
Sèl poto lavi m
Ou se sèl maji mwen
Bousòl ki gide mwen
Ou se, ou se
De je nan tèt mwen
Ou se, ou se
Pi bèl chante mwen
Ou se, ou se
Limit chimen mwen
Ou se, ou se
Sèl flè jaden m
Ye iye yeah
Ou se
Ye iye yeah
Ou se
Ye iye yeah
Ou se tout sa m anvi
Ou se kote m rete
Ye iye yeah
Wout mwen pran nan dòmi
Souf ki fè m respire
Ye iye yeah
Ou se sèl maladi mwen
Sèl poto lavi m
Ye iye yeah
Ou se sèl maji mwen
Bousòl ki gide mwen
Ye iye yeah