Yon lot Fwa Lyrics
- Genre:Latin music
- Year of Release:2022
Lyrics
Lanmou se yon trezò
Plis pase dyaman ak lò
Tout kè ou te pou mwen
Men mwen pa t pran sa pou anyen
Ou te renmen m ak lafwa
Maten, midi, e swa
Men, m pa t wè, m pa t tande
Mwen te pati kite w m ale
Depi nou kite
Anpil bagay pase
Mwen monte, mwen desann
Mwen pran anpil gagann
Kounye a, m nan savann
Mwen wè dyab vle pran m
Mwen resi konprann
Pésonn pa kab ban mwen
Sa ou te ban m
Pou yon lòt fwa
Yon dènye fwa
Aksepte mwen nan kè ou
Kenbe mwen sou kè ou
Mwen konnen mwen te fè w mal
Men, pa ban m pèn kapital
Pa kondane mwen si w jije m
Fè pa mwen, padone m
Mwen konnen kè w te blese
Mwen konnen m te fè w kriye
Men, m konn lanmou gen anpil pouvwa
Renmen mwen
Pou yon lòt fwa
Yon dènye fwa
Aksepte mwen nan kè ou
Kenbe mwen sou kè ou
Mwen konnen mwen ba w koutba
Men, m regrèt mwen te fè w sa
Piga w panse a vanjans
Pratike tolerans
Cheri kounye a, m wè kle
Kè mwen gen anpil regrè
Di m ou vle rekoumanse
Di m ou vle
Pou yon lòt fwa
Yon dènye fwa
Aksepte mwen nan kè ou
Kenbe mwen sou kè ou
Lanmou w pou mwen enkwayab
Li fè m santi m konfòtab
Rantre nan zantray pou mwen wè
Ki jan cheri, ou ban m bonè
Tanpri cheri, an n tounen
An nou tounen renmen
M ap fè tout sa m konnen
Pou n ret renmen
Pou yon lòt fwa
Yon dènye fwa
Aksepte mwen nan kè ou
Kenbe mwen sou kè ou