Pou Ou Lyrics
- Genre:Latin music
- Year of Release:1992
Lyrics
Pouki sa ou leve
Ou pati w ale kite mwen
Pouki sa Jodi a
Ou pa la kote mwen
Doudou konnen se ou
Ki pou ban mwen lanmou
Se chak jou m prèt pou m fou
Lè m san ou, doudou
Tout sa a se pawòl lontan
N te konn pale
Lanmou nan kè m pou ou
Lè sa a li te pi klere
Toujou renmen ou
Mande w pou w retounen
Tounen
Pou fè kè m santi l byen
Doudou konnen se ou
Ki pou ban mwen lanmou
Se chak jou m prèt pou m fou
Lè m san ou, doudou
Lè nou te damou
Tout kè m te pou ou
Tout kò mwen, tout nanm mwen
Tout vi mwen, tout te pou ou
Lanmou Lanmou
Se ou Se ou
Lakansyèl bwè dlo nan kè mwen pou ou
Doudou
Lanmou Lanmou
Se ou Se ou
Kè kontan pote lespwa
Tout andedan nou
Lè nou te damou
Tout kè m te pou ou
Tout kò mwen, tout nanm mwen
Tout vi mwen, tout te pou ou
Tout pou ou
Ti cheri
Fòk mwen di w
Tout pou ou
Pou ou doudou
Pou ou doudou
Pou ou doudou
Tout se pou ou, doudou
Lè nou te damou
Tout kè m te pou ou
Tout kò mwen, tout nanm mwen
Tout vi mwen, tout te pou ou
Lanmou Lanmou
Se ou Se ou
Lakansyèl bwè dlo nan kè mwen pou ou
Doudou
Lanmou Lanmou
Se ou Se ou
Kè kontan pote lespwa andedan nou
Lè nou te damou
Tout kè m te pou ou
Tout kò mwen, tout nanm mwen
Tout vi mwen, tout te pou ou