M Abitye Lyrics
- Genre:World Music/Folklore
- Year of Release:2022
Lyrics
M toujou bay mwen san mezire
Fè tout sa m konnen pou sa mache
Au final se mwen k toujou peye
M sibi menm sa m pa merite
Rekolte sa m pa janm plante
Fè yo ofisyèl yo ya p twonpe m
Tout sa m eseye pa janm mache
M pa janm konn gou lanmou
Kèm tèlman mefyan l sispann batay
Telman li pran kou
M Abitye kè m pa fè m mal ankò
M Abitye m pa kriye ankò
M Abitye kè m pa fè m mal ankò
M Abitye m pa kriye ankò
M fonse tèt bese
Depi se sa kè m vle
Anyen m pa kalkile
Rezilta pa p chanje
M fòse kontante m de sa m resevwa
Annatandan yo brize kè m yon lòt fwa
Gen moun ki di m ap tòtire tèt mwen
San yo pa konnen
Tout sa m eseye pa janm mache
M pa janm konn gou lanmou
Kèm tèlman mefyan l sispann batay
Tèlman li pran kou
M Abitye kè m pa fè m mal ankò
M Abitye m pa kriye ankò
M Abitye kè m pa fè m mal ankò
M Abitye m pa kriye ankò
Se pa de pale m konnen m pale
Men pou mwen anyen pa janm chanje
Lè mwen panse mwen pi asire
Yon gwo so pou mwen lanmou sere
Se pa de pale m konnen m pale
Men pou mwen anyen pa janm chanje
Lè mwen panse mwen pi asire
Yon gwo so pou mwen lanmou sere
Ou pa bezwen diw pral kay zanmi siw pral twonpem
Kèm brize deja
Ni w pa bezwen fè m kwè ke se juste un ami
M pran twòp kou deja
Ou pa bezwen diw pral kay zanmi siw pral twonpem
Kèm brize deja
Ni w pa bezwen fè m kwè ke se juste un ami
M pran twòp kou deja
M Abitye kè m pa fè m mal ankò
M Abitye m pa kriye ankò
M Abitye kè m pa fè m mal ankò
M Abitye m pa kriye ankò