Au Mauvais Moment Lyrics
- Genre:Others
- Year of Release:2023
Lyrics
Ou tonbe sou mwen
Yon nèg brize yon fanm fin maspinen
Ki pa gen kras fòs pou l goumen
Yon pesimis endurci
Convaincu ke renmen pa ka fini byen
Ki deside sispann jibye
Koman m pral fè konfyans ? Chak fwam fè l yo vyole l
Ak lanmou m pa gen chans m bouke eseye l
Menm te refize fè w goute tout depi lanmou ka pote
Ye ye i ye ye i ye
M te prefere kite w ale
Ye ye i ye ye i ye
M te prefere kite w ale
Kòman ou tap konprann chak je t'aime ou dim fèm sonje konbyen fwa yo te dim li ki pa t vre
Konbyen map toujou la pou ou ki te prononse alòske valiz yo te fin fèt pou lage
Nan mitan ensètitid mwen yo w tonbe
Nan sikatris mwen yo m te gntan neye
M te preferew gen souvni de dom k ap ale
olye m te fèw andire pou zak ou pa t poze
Koman w vle m fè konfyans ? Chak fwam fè l yo vyole l
Ak lanmou m pa gen chans
M bouke eseye l
Peut être si w t kontrem avan
Ou t ap wè lanmou m diferan
Ye ye i ye ye i ye
M te prefere kite w ale
Ye ye i ye ye i ye
M te prefere kite w ale
Sam te santi pou ou a te vre
Men vim eksperyans yo te gentan ante
M pa t gn kouraj poum pran kèw an antye
Pandanm pa menm ka livre w mwen a mwatye
Ye ye i ye ye i ye
M te prefere kite w ale
Ye ye i ye ye i ye
Oooooooo
Ye ye i ye ye i ye
M te prefere kite w ale
Ye ye i ye ye i ye
Ale