![M Tonbe Pou Ou](https://source.boomplaymusic.com/group10/M00/08/10/c8c759ec72554220975e5608b560679c_464_464.jpg)
M Tonbe Pou Ou Lyrics
- Genre:Others
- Year of Release:2023
Lyrics
Lè jem femen, Menm sou kèm
Li bouke dim se ou li vle
M pè fonse, m sonje doulèm
Map mande eske mwen pare
Nan batay avèk kèm nan m sede
Devan w lanmou m pa k reziste
Fwa sa sou yon bijou mwen tonbe
Gwo lo a m leve
Map viv yon pakèt sansasyon m pa konnen lontan
Ou konnen tout fason pou ou fè kè mwen kontan
Pou sa w ap fem vi v la ou di m sa se twokèt la
M pa kwèm pare pou chay la
M tonbe pou ou
Tout sikatris yo w efase
M tonbe pou ou
Lanmou mwen w resisite
M tonbe pou ou
Anfen m jwenn sam t ap chèche
M tonbe pou ou
M tonbe damou
S on chedèv, kareman
Lè l pran lari li met moun sou deran
Lè fanm sa ap souri
Ou mèt kwèm menm lanati tresayi
Fanm sa g on jan l kenbem li fèm depale
M mèt t anvi kouri m pa k fè 2 pa la
In bed i was so shy li fèm depoli
Tèlman l gn kalite m pa ret sou defoli
Babe ou mèt fèm konfyans mwen avè w pa pou 2 jou
M pap fè w pil pwomès men ou ka parye sou nou
Latè te mèt tranble
Nan bra ou letènite mwen ye
La map rete m pap dekole
M tonbe pou ou
Tout sikatris yo w efase
M tonbe pou ou
Lanmou mwen w resisite
M tonbe pou ou
Anfen m jwenn sam t ap chèche
M tonbe pou ou
M tonbe damou
Wi m beni ou se kado Bondje pou mwen
Jan w gatem m pa p negosye w pou anyen
Pou lanmou sa ak latè m prè pou m goumen
Se nan braw bb selman mwen santim byen
Wi m beni ou se kado Bondje pou mwen
Jan w gatem m pa p negosye w pou anyen
Pou lanmou sa ak latè m prè pou m goumen
Se nan braw bb selman mwen santim byen