![SYÈL KASE ft. Lòlò](https://source.boomplaymusic.com/group10/M00/06/27/ab5aff83ead84886896d085ccf6025bc_464_464.jpg)
SYÈL KASE ft. Lòlò Lyrics
- Genre:World Music/Folklore
- Year of Release:2023
Lyrics
Gen vwa
Nan fon kè m
Vwa ki nwaye bonè m
Gen sa ki tou prè m
Vag k ap plwaye lanmè m
Gen plas ki nan kè m
Vwa k ap chase malè mwen
Seche sous doulè m
Dlo je m degoute sou flè w
Sote sou yon kòd ki kase
Reve san domi nan je
Yon jou ap gen solèy leve
Lalin pa vle pou syèl kase
Sote sou yon kòd ki kase
Reve san domi nan je
Yon jou ap gen lalin leve
Solèy pa vle pou syèl kase
Men yon jou o
Nou a leve vwa nou wo
Ale di moun yo
Jou va jou vyen nan pwen plenyen
Gen vwa nan fon kè m
Vwa k ap kenbe malè m
Gen sa ki tou prè m
Vag k ap chire lanmè m
Gen yon kwa sou wout kè m
Dout sou chimen bonè mwen
Seche sous doulè w
Dlo je w degoute sou flè m
Sote sou yon kòd ki kase
Reve san domi nan je
Yon jou ap gen solèy leve
Lalin pa vle pou syèl kase
Sote sou yon kòd ki kase
Reve san domi nan je
Yon jou ap gen lalin leve
Solèy pa vle pou syèl kase
Men yon jou o
Anyen p ap ka kenbe rèl annou
Nou a leve vwa nou wo
Kale je n sou tout antrav yo
Men yon jou o
Anyen p ap ka kenbe raj annou
Ale di moun yo
Jou va jou vyen nanpwen plenyen
Men yon jou o
Anyen p ap ka kenbe rèl annou
Nou a leve vwa nou wo
Kale je n sou tout antrav yo