
SAJ Lyrics
- Genre:World Music/Folklore
- Year of Release:2023
Lyrics
Kèk fwa m rete m imajine
Syèl lan ka p dedouble sou mwen
Dout konn fè m nwaye ,dlo ka p koule
Plede fè bagay ki pa bon pou mwen
Limyè vini limyè ale
Fènwa li fè menm bagay pou mwen
Bezwen ak vle pa demele
Di m Kisa ki pi bon nan mwen
Anhh
Saj la te di m
Bale lakou w pitit mwen
Pa bliye kilti w
Se sa ki kè w pitit mwen
Jis jete dlo
Fè sa ki senp pitit mwen
Lè chat pa la
Rat fè bal
Paw paw
Lè chat pa la rat fè bal
Lè chat pa la rat fè bal
Yo jwe nan rimè tankou nan tè
Konstwi pou kraze fo batisè
Pè di sa m panse
Mwen rayi pè
Padon manman men mwen pèdi kè
Se pou tout bon
Mwen bezwen bwè
Nan sous lanmou ankò
depi kilè?
Yeah yeah
Nan sous lanmou ankò depi kilè
Saj la te di m
Bale lakou w pitit mwen
Pa bliye kilti w
Se sa ki kè w pitit mwen
Jis jete dlo
Fè sa ki senp pitit mwen
Lè chat pa la
Rat fè bal
Lè chat pa la rat fè bal
Lè chat apa la rat fè bal
Saj la te di m
Bale lakou w pitit mwen
Pa bliye kilti w
Se sa ki kè w pitit mwen
Jis jete dlo
Fè sa ki senp pitit mwen
Lè chat pa la
Rat pete
Paw paw