![LISTWA N ft. Badio](https://source.boomplaymusic.com/group10/M00/06/27/ab5aff83ead84886896d085ccf6025bc_464_464.jpg)
LISTWA N ft. Badio Lyrics
- Genre:World Music/Folklore
- Year of Release:2023
Lyrics
Se listwa yon miwa k ap
Gade yon solèy ki pa fin klere
Se listwa yon fènwa k ap neye lajounen m tande
Se flè ki pouse kote pye w poze
se listwa n k ap rete lè paj yo fin boule
Se listwa lorizon ki pase lakay pil vòlè sa yo
W a eskize m si m chanje sijè
Se lespwa m k ap flannen
Se limyè w ki rete lè m bliye louvri je m
Se listwa n k ap rete lè tout liv fin boule
Sèl istwa n k ap rete
Lè tout wòch fin woule
Sèl istwa n k ap rete
Lè lanmè fè syèl vwayaje
Sèl istwa n k ap rete
Lè tout bagay fin ale
Sèl istwa n k ap rete
Wi sèl istwa n k ap rete
S on istwa m p ap ka bliye
Menm lè kràn mwen griye
Nan lespri m
M ap fè tatou l
Koz li k fè m viv sa mwen ye
L envite mwen briye
Fè m met men
M brize tabou m
E si w ta wè m ap kriye
Ou pa bezwen al priye
Dlo je p ap janm wouze jaden lanmou n
Nan zafè kè n pa pilye
Fame lòt yo diminye
Depi lè n afiche
Nivo damou n
Sèz ba p ap sifi
Pou m ta rakonte l
Ka pa konprann li
Menm si w ta tande l
S on fim m ap jwe ladan l
Kòmsi m te monte l
Kè m te abandone man
Li vini l ante l
P ap konn sa sa fè m
Lè m santi l tou prè m
Dife l limen anndan m
Vin tande bri kè m
Sou chimen relasyon nou
M bay san ak flè m
Ekspresyon pasyon m
Li konn tout afè m
Vag lòt karyè pou m ofri l pi bèl zèv mwen
Dòmi pre l anbeli rèv mwen (bis)
Sèl istwa n k ap rete
Lè tout wòch fin woule
Sèl istwa n k ap rete
Lè lanmè fè syèl vwayaje
Sèl istwa n k ap rete
Lè tout bagay fin ale
Sèl istwa n k ap rete
Wi sèl istwa n k ap rete