Mèsi, twa fwa mèsi Lyrics
- Genre:Gospel
- Year of Release:2022
Lyrics
Mèsi Bondye
Mèsi, mèsi, mèsi pou tout sa ou fè pou mwen. Mèsi, mèsi, twa fwa mèsi, pou lavi ou banmwen an
Mèsi, mèsi, mèsi, pou kò sa ou fè m kado a. Pou tout mèvèy ou yo, mèsi
Lè m gade kijan kò mwen konplike. Se vrèman yon chedèv ou kreye
Pou sèvo m, pou zòrèy mwen, je m ak kè mwen. Pou tout lòt pati nan kò a, fò mwen di w mèsi
Lè m wè jan lanati se yon bèl mèvèy. Kreyasyon an tèlman pafè, nou pa menm ka fin konprann li
Sa nou wè ak sa n pa wè, se gwo zafè. Pou tout bèl bagay sa yo, fò mwen di w mèsi
Pou tout moun ki met ansanm pou fè sèvis sa a. Yo te fè gwo sakrifis pou l te kapab bèl
Ou te bannou bon konprann ak lespri koperasyon. Pou tout moun ki fè deplasman, fò nou di w mèsi
Pou lavi m ou konsève, mwen dwe di w mèsi. Pou bon sante mape jwi. Mwen dwe di ou mèsi
Pou mirak ou fè pou m chak jou. Mwen dwe di ou mèsi. Pou tout frè ak sè k antoure m, fò mwen di ou mèsi