Annou rasanble otou tab la Lyrics
- Genre:Gospel
- Year of Release:2022
Lyrics
Li ban nou kò l, pou nou manje
Se yon manje, ki san parèy
Se sa l te fè, jou jedi sen an
Se pen sila a
Kap pèmèt nou genyen lavi
Annou rasanble nou tout
Otou tab kominyon an
Pou nou kab manje e bwè
Kò ak san li
Se li menm ki te di nou
Fò n repete mèvèy sa
Nou dwe ret kole sou li
Pou n gen lavi
Li ban nou san l, pou nou kab bwè
Se yon bwason, ki san parèy
Se sa l te fè, jou jedi sen an
Se bwason sila
Kap pèmèt nou genyen lavi
Li ban nou kò l, pou nou manje
Li bannou san l, pou nou kap bwè
Bankè sila, pa gen parèy
Se kò l ak san l
Kap pèmèt nou genyen lavi
Pou manje sa, pou bwason sa
Fò n di l mèsi ak tout kè nou
Li te pwomèt lap avèk nou
Toutan gen tan
Li se alfa e omega