Ann ale nou tout kretyen Lyrics
- Genre:Gospel
- Year of Release:2022
Lyrics
Ann ale nou tout kretyen
Ann ale nou tout kretyen. Youn pa youn oubyen an gwoup
Ann reyini kay Papa nou. Pou adore, selebre
Nan kay sakre a nou rankontre. Pou nou pataje Bòn Nouvèl la
E se chak jou nou dwe kontinye. Viv sa nou te aprann
Nou konnen byen kijan nou tout nou fèb. Se toutan nap kontinye fè peche
Se legliz la lè nou tout rasanble. Pou nou mande Bondye padon
Fò nou chita byen trankil an silans. Pou nou koute mesaj bòn nouvèl la
Prèch ak kòmantè yo va ede nou plis. Byen konprann pawòl Bondye a
Lè nou fin patisipe nan lamès la. Nou dwe ale viv tout bèl pawòl yo
Nou dwe ale pataje mesaj la. Si nou pa fè sa se wòch yo kap pale
Se pou nou kite pawòl Bondye grandi. Se pou nou kite pawòl Bondye donnen
N a rekonèt nap travay tout bon vre. Lè nap fè tout sa ki bon