Ti bout souf Lyrics
- Genre:World Music/Folklore
- Year of Release:2021
Lyrics
Ti bout souf ki rete m nan, eske m ka nan reponn kesyon
Ti bout moun mwen rete a, eske m ka bay eksplikasyon
Si chak fanm ki sibi yon vyòl, li dwe pran pwa yon sosyete
Si chak fanm yo abize, li dwe pot mak yon sosyete
E ki kote sa va rive
Si chak fanm ki sibi yon vyòl, li reprezante yon lòt menas
Si chak fanm yo atake, li retounen yon gwo dange
Pouki kò fanm pa yon pwazon, pou apwazonnen tout sa l' pa bay
Non kò fanm sonw benediksyon, e li va beni sosyete sa a
Si chak vyòl yon fanm sibi, se li ankò k'pote mak la
Si chak souflèt yo bay yon fanm, se li ankò yo akize
Si chak sa yon fanm sibi, li menm ankò k'dwe ret kache
Eske se pwa sa a li dwe pote , eske l'dwe viv pi mal konw chen
Ti bout souf ki rete m nan, kisa m'dwe bay nan yon sosyete
Vye kò pouri ki rete m' nan, kisa m' ka tann de yon sosyete
Lè fanm kouwè n' ki sibi vyòl, sou nou ankò yo lonje dwèt
E men k' poze sou nou yo tou, yo mache lib, yo rete lib, ret viv lib
Kou wè se mwen
Ti cheri kote w te ye, ti cheri kilè l te ye, ti cheri w' pouki te poukò w' , ti cheri kisa w tap fè
Ti cheri pouki w te bwè, ti cheri sa w te fimen, ti cheri ou se yon jenn fanm.
Ti bout moun ki rete m' nan, eske m'ka bay eksplikasyon
Ti rès souf ki rete m' nan, eske m' ka nan reponn kesyon
Si ti bout souf ki rete m' nan, li kontinye plonje nan wont
Mèsi leta
Mèsi pouvwa
Ogranmèsi patriaka
Nou te goumen, nou banm dwa goumen
Nou te mouri ak konviksyon
Nou dwe ret ak diyite, mèsi tout fanm te goumen
Pou nou te jwi moso byennèt
Batay te long, jou te sere
Nou pap koupab paske se fanm
Si n dwe chwazi jan n'ap vini
N'ap rechwazi pou vini fanm
Libète fanm se gwo jwuisè
Libète fanm bay bèl jwisans
Nou sèmante poun pa kite pèsonn mete nou anba pye
E n'ap goumen pou sa nou ye
E n'ap batay pou sa nou kwè
Poun rete viv nan diyite
E n'ap batay pou sa chanje