![Liminasyon](https://source.boomplaymusic.com/group10/M00/08/11/c832206819bc41f6bd94dff234855fd7_464_464.jpg)
Liminasyon Lyrics
- Genre:World Music/Folklore
- Year of Release:2021
Lyrics
M'respekte tout bitasyon m'yo
M respekte tout Lakou Lwa m'yo
Lapriyè poum mande pasaj
Lapriyè poum mande fè wout
Kote respè ki sot nan Ginen yo
Kote respè ki soti nan Lwa yo
An nou lapriyè poun mande Lwa yo pasaj
An nou lapriyè poun mande Lwa n'yo fè wout
M'respekte tout fanmi Lwa m' yo
M respekte tout zanmi Lwa m' yo
Lapriyè poum mande pasaj
Lapriyè poum mande fè wout
Kote respè ki sot nan Ginen yo
Kote respè ki soti nan Lwa yo
An nou lapriyè poun mande Lwa yo pasaj
An nou lapriyè poun mande Lwa n'yo fè wout
M'respekte tout fanmi Lwa m' yo
M respekte tout zanmi Lwa m' yo
Lapriyè poum mande pasaj
Lapriyè poum mande fè wout
M respekte anndan Badji yo
M respekte anndan kay Lwa yo
Lapriyè poum mande pasaj
Lapriyè poum mande fè wout
M respekte anndan kay Grann nan
M bat respè anndan kay Grann nan
Lapriyè poum mande pasaj
Lapriyè poum mande fè wout
M met genou m'atè
Mwen al bo tè Lakou Soukri a
Lapriyè poum mande pasaj
Lapriyè poum mande fè wout
Kote respè ki sot nan Ginen yo
Kote respè ki soti nan Lwa yo
An nou lapriyè poun mande Lwa yo pasaj
M'al bo tè kot pi Wongòl la
Wi m te bo tè kay Pa Bazou
Lapriyè poum mande pasaj
Lapriyè poum mande fè wout
Nou fè wonn Lakou Soukri
M met agenou Lakou Souvnans
Lapriyè poum mande pasaj
Lapriyè poum mande fè wout
Nou salye Lakou Badjo a
M met agenou kot Basen Inan an
Lapriyè poum mande pasaj
Lapriyè poum mande fè wout
Nou louvri bra n' anndan kay Grann nan
Met agenou bò tab Manbo a
Lapriyè poum mande pasaj
Lapriyè poum mande fè wout
Nou bo tè anndan kay Grann nan
Nou louvri bra n' bay tout Zinga yo
Lapriyè poum mande pasaj
Lapriyè poum mande fè wout
Nou bo tè Lakou Soukri a
Nou foule tè kay Pa Bazou a
Lapriyè poum mande pasaj
Lapriyè poum mande fè wout
Kote respè ki sot nan Ginen yo
Kote respè ki soti nan Lwa yo
An nou lapriyè poun mande Lwa yo pasaj
Nou bo tè Lakou Soukri a
N'al lapriyè kot Pa Bazou a
Lapriyè poum mande pasaj
Lapriyè poum mande fè wout
Nou benyen nan basen Manbo
Ah wi n'plonge nan basen Simbi a
Lapriyè poum mande pasaj
Lapriyè poum mande fè wout