
Nou Pase Lyrics
- Genre:Gospel
- Year of Release:2024
Lyrics
Nou te mouri
Lè nou tap naje nan peche
Nan fènwa nou tap avanse
Nou Pat gen espwa'n te Kondane
Kondane
Men BonDye vini
Li viv lavi nou san'l pa peche
Nan plas nou li bay Krisifye'l
Aprè twa jou'l resisite , nou jistifye
Nou pase
Paske'w pase
Nou leve
Paske'w leve
Jezu se ou ki fè wout la
Jezu ou se wout la aaa
Nou pase
Paske'w pase
Lèw resisite
Wi Kris te vini
Li te mache nan sentete
Tout lalwa li te obsève
Pou reyisi kote nou echwe
Nou echwe
Annou rejwi
Si nou kwè se nan plas nou l' mouri
Lè nou kwè se pou nou li leve
Avèk Jezu nou resisite
Ann Selebre
Nou pase
Paske'w pase
Nou leve
Paske'w leve
Jezu se ou ki fè wout la
Jezu ou se wout la aaa
Nou pase
Paske'w pase
Lèw resisite
A Gòlgota
Peche'n klouwe'w sou kwa
Jezu twa jou pita ou woule wòch la
A gòlgota ou ranplase'n sou lakwa
aprè twa jou ou leve nan laglwaw
Nou pase
Paske'w pase
Nou leve
paske w leve
Lèw resisite