- Genre:Gospel
- Year of Release:2024
Lyrics
Tankou yon ti plant
Ou wè m'soti nan tè map pouse
Gen yon van k'vin soufle
Gen yon bagay ki rive 'm
La tè sispann alimante 'm
San mwn pa rache
M'sèlman konnen
Mwen plante yon lòt kote anwo
Anwo anwo
Mwen né de nouvo
M'kontan mwen plante
Anwo anwo
Lavi 'm kache anwo
Nan Jezikri
Fò w konprann se pa mwen menm non
Se Christ ki fè sa
Lè Li soti nan wayòm syèl la
Li desann isiba
Li se lapli k'tonbe
Nan yon tè aswafe
E tout moun ki mouye nan dlo sa
Li plante w anwo nan wayom syèl la
La tè sispann alimante m
San mwn pa rache
M'selman konnen
Mwen plante yon lòt kote anwo
Ooo la wouze
Syèl la desann sou mwen
Mwen rejenere
Nan SentEspri pwovizyon mwn
Ooo la wouze syèl la desann sou mwn
Mwn rejenere nan SentEspri pwovizyon mwen
Ooo lwil d'oliv mwen ooo kabiran mwen
Ou se pwovizyon mwn, SentEspri
Konekte mwn anwo