![Revolisyon](https://source.boomplaymusic.com/group10/M00/04/14/381648fd9c2c43488a3f36fc6a1ef57d_464_464.jpg)
Revolisyon Lyrics
- Genre:Reggae
- Year of Release:2022
Lyrics
Yow
Mèsi a chak grenn tèt grenn yo pran nan mitan nou
Ki tounen fwèt pou kale nou
Mèsi a medya ki toujou dirije opinyon nou
Ki ban nou moun pou'n tande
Mèsi a legliz katolik pou enkizisyon
Yeah
Mesi a chak grenn nan nou ki tounen yon trèt pou nasyon sa a
Mèsi a
Anfen
Mèsi a chak grenn nan nou
Li lè pou'n leve tèt nou
Pou'n gad anwo
Yo antere espwa'n
Lage kò nou nan dlo
Fòk nou kale zye nou
Pou'n gade yo
Sèl viktim nan se nou
Li lè pou'n atake yo
Ini'n pou revolisyon an
Yeaa
Revolisyon an
Tèt ansanm pou revolisyon an
Yea hee
Revolisyon an
Yea he
Sa son'w mesaj a la nation
Revolisyon an lanse
Lase bòt touse kanson'n
Fanm gason an'n avanse
Jan n'ap viv lan planifye
Se nou menm k'ap ranse
Plede tweet plede pale
A l'action pou nou pase
Nan mitan'n pa gon'w vizyonè
Di'm non
Sanble nou demisyone
Yeaa he
Sou pwòp tè'n nou prizonye
Yea he
Fòs nou pou'n fizyone
Li lè pou'n leve tèt nou
Pou'n gad anwo
Yo antere espwa'n
Lage kò nou nan dlo
Fòk nou kale zye nou
Pou'n gade yo
Sèl viktim nan se nou
Li lè pou'n atake yo
Ini'n pou revolisyon an
Yeaa
Revolisyon an
Tèt ansanm pou revolisyon an
Yea hee
Revolisyon an
Yea he
Reveye nou paske chak jou bagay y'ap vin pi grav e
Viv byen ap fè'n lasisin bouch nou ap fè bave
Nou manje manje domi komsi sèvo'n yo lave
Olye nou viv konsa pa prefere'n kadav
Tout koupab yo nan figi'n nan
Nou nou p'ap konn ki moun ki fè krim nan
Menm yo menm ki nan kizin nan
Yo pral konn ki moun ki aktè nan fim nan
Li lè pou'n leve tèt nou
Pou'n gad anwo
Yo antere espwa'n
Lage kò nou nan dlo
Fòk nou kale zye nou
Pou'n gade yo
Sèl viktim nan se nou
Li lè pou'n atake yo
Ini'n pou revolisyon an
Yeaa
Revolisyon an
Tèt ansanm pou revolisyon an
Yea hee
Revolisyon an
Yea he
Mèsi ak lapolis ki la pou pwoteje opresè yo
Mèsi a chak ougan chak pastè kap ranpli misyon vatikan
M'sezi wè pa gen youn nan nou ki ka fini travay desalin nan
Y'ap di yo se peyi zanmi pandan'n pa gen peyi ènmi
Li lè pou'n leve tèt nou
Pou'n gad anwo
Yo antere espwa'n
Lage kò nou nan dlo
Fòk nou kale zye nou
Pou'n gade yo
Sèl viktim nan se nou
Li lè pou'n atake yo
Ini'n pou revolisyon an yeaa
Revolisyon an
Tèt ansanm pou revolisyon an
Yea hee
Revolisyon an
Yea he
Nou ensiyifyan kidonk menm prezidan'n yo touye
Konsyans nou mouri n'ap manifeste n'ap gouye
Yo vle'n ret pasifik konsa y'ap pi alèz
Mizè nou rive nan bout li fòk nou viv alèz