Istwa lanmou Lyrics
- Genre:Gospel
- Year of Release:2021
Lyrics
Anpil anpil gwo van konn ap soufle
Lanm lanmè move
Loraj nan syel ap gwonde
Lapli, inondasyon vin ogmante
Pwoblem yo anpire
Tout plan'm yo sanble gate
Ou askepte mwen
Kalite'm ak defo'm yo
Fos mwen ak febles mwen yo
Ou jere yo pou mwen, papa
Ou kenbe men mwen
Le pye'm chape m'pa tonbe
Paske se ou kap gide'm
Gad'on lanmou woo
Mwen pa fe anyen pou lanmou sa
Rete m'rete epi ou jis fou pou mwen
M'pa merite'l
M'pa fe anyen poum merite sa
Rete m'rete epi ou jis fou pou mwen
M'pat janm panse'l
Istwa lanmou sa bel
Rankont mwen avew se pa yon aza
Li ka byen rive ta
Men ou pa janm anreta
Relasyon'm avan'w yo inacheve
Yo pa janm dire
Se desepsyon net ale
Ou askepte mwen
Kalite'm ak defo'm yo
Fos mwen ak febles mwen yo
Ou jere yo pou mwen, papa
Ou kenbe men mwen
Le pye'm chape m'pa tonbe
Paske se ou kap gide'm
Gad'on lanmou woo
Mwen pa fe anyen pou lanmou sa
Rete m'rete epi ou jis fou pou mwen
M'pa merite'l
M'pa fe anyen poum merite sa
Rete m'rete epi ou jis fou pou mwen
M'pat janm panse'l
Istwa lanmou sa bel
Se bo kote'w
Mwen jwenn tout sa m'tap chache
Se bo kote'w
Lavi'm suspann ensanse
Ou pran tout sousi mwen yo
Ou pran tout frustration mwen yo
Ou pran tout pwoblem mwen yo
Al'on lanmou sa bel oh
Ou renmen mwen
Ou fou pou mwen
Se temwanye map temwanye
Ala ou meveye pou mwen
Ou renmen mwen
Ou fou pou mwen
Se temwanye map temwanye
Ala ou meveye pou mwen
Se bo kote'w
Mwen jwenn tout sa m'tap chache
Se bo kote'w
Lavi'm suspann ensanse
Ou geri maladi'm yo
Ou pran tout frustration mwen yo
Ou rezoud pwoblem mwen yo
Al'on lanmou sa bel oh
Ou renmen mwen
Ou fou pou mwen
Se temwanye map temwanye
Ala ou meveye pou mwen
Ou renmen mwen
Ou fou pou mwen
Se temwanye map temwanye
Ala ou meveye pou mwen
Ou renmen mwen
Ou fou pou mwen
Louwe m'ta louwe
Telman ou meveye pou mwen
Ala ou meveye pou mwen
Lajwa debode
Telman ou meveye pou mwen
Ou renmen mwen
Ou fou pou mwen
Louwe m'ta louwe
Telman ou fe mirak pou mwen
Ala ou meveye pou mwen
Ala kontan m'kontan
Pou jan ou renmen'm
Ou renmen mwen
Ou fou pou mwen
Danse m'ta danse
Pou jan ou meveye pou mwen
Ala ou meveye pou mwen
Se pa de kontan mwen kontan
Pou vale sa ou fe pou mwen