![Serment](https://source.boomplaymusic.com/group10/M00/01/13/8084b5eaac044c88bc9e43115dfdeeb0H3000W3000_464_464.jpg)
Serment Lyrics
- Genre:World Music/Folklore
- Year of Release:2025
Lyrics
Vle fe'w sèman
Se pou tout moun temwen
Pou ou pa gen anyen
M'ap pè afwonte
Li lè pou'n yon fanmi
Pou'w pote pitit mwen
Kwè Mwen pa gen anyen
Ki kapab bare'n
Ou leve kè'm anlè
Menm lè tout rès kò mwen atè
Chak fwa lè mwen tonbe
Ou di'm non leve
Padon si'n pa ka anpeche dlo koule nan je'm
Men jodi a Mwen kontan
Se ou ma'p map marye
Oh oh oh oh oh ohoh
Lontan'n te 2
Men kounya nou fè youn
Nou gen pou'n viv ere
Tankou de bèl moun
Pa ka kache
Kontantman'k nan kè Mwen
Le mond antye dwe tande
Ou se madanm Mwen
Ou leve kè'm anlè
Menm lè tout rès kò mwen atè
Chak fwa lè mwen tonbe
Ou di'm non leve
Padon sim pakab anpeche dlo koule nan je'm
Men jodi a Mwen kontan
Se ou map marye
Ey!
(Pare pou'n marye)
Lè w tande Harmonik
(Ou wè fanatik)
Gade gade gade
Gade jan'm g'on bèl madanm (ouh-wi)
Gade jan kè mwen kontan (wi-ouh)
Gade gade gade
Gade jan'm g'on bèl madanm (ouh-wi)
Gade jan kè mwen kontan (wi-ouh)
Ohhh...
Mwen pwomèt ou kè kontan pa'w avan pa'm
M'ap toujou mete'w devan
Paske kè kontan'w se objektif mwen se desten'm
Rèv mwen se pou lanmou nou pa janm fini
E n'ap toujou rejwi
Paske kounya'n gen yon sèl vi Jouk nou mouri
Gade gade gade
Gade jan'm g'on bèl madanm (ouh-wi)
Gade jan kè mwen kontan (wi-ouh)
Gade gade gade
Gade jan'm g'on bèl madanm (ouh-wi)
Gade jan kè mwen kontan (wi-ouh)
Ohhh...
Mwen pwomèt ou kè kontan pa'w avan pa'm
M'ap toujou mete'w devan
Paske kè kontan'w se objektif mwen se desten'm
Rèv mwen se pou lanmou nou pa janm fini
E n'ap toujou rejwi
Paske kounya'n gen yon sèl vi Jouk nou mouri
Gade gade gade
Gade jan'm g'on bèl madanm (ouh-wi)
Gade jan kè mwen kontan (wi-ouh)
Gade gade gade
Gade jan'm g'on bèl madanm (ouh-wi)
Gade jan kè mwen kontan (wi-ouh)