
Tolere w ft. KAI Lyrics
- Genre:World Music/Folklore
- Year of Release:2024
Lyrics
Se ou m tap tann
Pou mwen di w tout sa ki nan panse m
Pa fè komsi w pa wè
Nap benyen nan chagren
Lanmou n anmè
Nou fè sanblan nou byen
Devan moun nou pa goumen
Mwen pwal chante dèy
Sou tout pwomès ou yo
Men kijan w pwal fè sa
Pou w gade m nan je
Bouch ou pa tranble
Pou w di m ou pa anvi m ankò ò (bis)
Mwen pa konn kijan pou m kite w
Ou pa deside pou w kite m
Kisa w w ap fè m konsa
Tolere w mwen tolere w
Se pou tèt sa w fè m mal konsa
Tolere w mwen tolere w
Tout sa ou vle se li mwen vle e
Tolere w mwen tolere w
Se pou tèt sa
Wè pa wè tout janm bat kò m
Se ou mwen renmen
Tout tan sa n ansanm
Mwen kenbe kè pou m pa di w verite
Tout tan sa n ansanm
Mwen kenbe kè pou m pa di w verite
Ou toujou vle konpare m
Ak lòt moun ki byen
San w pa wè m ap goumen
Goumen pou yon jou pou m ta ba w bag sa
Te mèt neye m pa p ba w vag
Men kijan w pral fè sa
Pou w gade m nan je
Bouch ou pa tranble
Pou w di m ou pa anvim ankò ò (bis)
Mwen pa konn kijan pou m kite w
Ou pa deside pou w kite m
Kisa w w ap fè m konsa
Tolere w mwen tolere w
Se pou tèt sa w fèm mal konsa
Tolere w mwen tolerew
Tout sa ou vle se li mwen vle e
Tolere w mwen tolere w
Se pou tèt sa
Wè pa wè tout jan m bat kò m
Se ou mwen renmen
La vi kout lanmò long
Depi pa gen lanmou
Jete w
Se adrès sa mwen konnen
Se nimewo kay sa mwen konnen
Pa voye m al depoze kèm
Devan pòt lòt moun mwen pa konnen
Mwen diw mwen sèmante
Pa gen lòt moun ankò
Pa gen lòt ki ka fem dakò
Se adrès sa mwen konnen
Se nimewo kay sa mwen konnen
Pa voye m al depoze kè m
Devan pòt lòt moun mwen pa konnen
Mwen diw mwen sèmante
Pa gen lòt moun ankò
Pa gen lòt ki ka fèm dakò
Depi pa gen lanmou
Jete w