Louwe Bondye ft. Zamar Lyrics
- Genre:Gospel
- Year of Release:2023
Lyrics
Ooooh Ooooh
Tout Lavi nou dedikase pou n louwe Bondye
Ooooh Ooooh
Tout Otan ke nou egziste nou pap janm kanpe
Nou menm Zamar nou gon misyon
Se Bondye nou vin louwe
E nan nenpot sitiyasyon
Lafwa n pap janm ebranle
Se adorasyon e se louwanj li vle
Sanktifikasyon se sou sa bou baze
Ooooh Ooooh
Tout Lavi nou dedikase pou n louwe Bondye
Ooooh Ooooh
Tout Otan ke nou egziste nou pap janm kanpe
A celui qui croit en son nom
Tu verras la gloire de Dieu
Se la labib fe n konnen
Zamar
Nou pral chante en coeur konsa
Nou menm Zamar (Zamar)
Nou gon misyon (Nou gon misyon)
Pou nou louwe Bondye kote nou pase (Se pou n louwe)
Nou menm Zamar (Zamar)
Nou gon misyon (Nou gon misyon)
Pou nou louwe Bondye kote nou pase (Wiiiiii)
Kap ayisyen Gonayiv Senmak
Podepe Jakmel Okay Tigwav
Miami Canada a Paris Les Antilles
Se li k kreye syel ak tè a
Sa demontre w li gen pouvwa
Li bannou souf nap respire
San li pa mande touche
Yon sel bagay ke nou ka fe se jwe mizik pou Lesenye
Ke tout sa kap respire kontinye fe louwanj Bondye
Louwe Bondye eeee
Louwe Bondye
Ann chante
Louwe Bondye
Paste legliz yo fòn preche
Louwe Bondye
Dam misyonè yo fòn chante eee
Louwe Bondye
Epi van
Nou menm Zamar nou gen yon misyon
Preche pawol la san distenksyon
San konplikasyon
Ni movèz aksyon
Se nan li menm ki gen benediksyon
Pa kite mond lan pran tet ou
Paske pwop zanmiw ka tret ou
Selman vini nan pye li
Epi swiv li tankou Eli
Aprann kenbe bib ou kom bousol
Pa okipe moun kap baw pawol dwol
Yap diw pap sove
Di map fe kòve
Menm le tout kat poch ou vid
Fem wew danse tankou David
Aaaaaah aaaaaah
Ebyen moun devan
Moun dèyè sou kote
Adwat agoch
Fem we n avanse konsa
De men n anle
Poun louwe Kris la
Konsa papa konsa Seeee
Zamar Enhh Enhhh
Sanders mwen we wat louwe papa
Alò siw pa louwe la
Se pa peche k mare w
Bon mwen menm
Pou sa Bondye fe pou mwen
Fo m ta bal glwa chak jou
Fo m tap louwe l
Chante avem
Kote n pase de men nou anle
Nape louwe
Kote n rive de men nou anle
Eeeeh Eeeeh Eeeeeh
(De men nou anle)
Pou Bondye N ap Travay