
Kò ak nanm ft. Precious LG Lyrics
- Genre:Hip Hop & Rap
- Year of Release:2018
Lyrics
Baby m renmen w, ti kè m se pou ou
Pou mwen ou vo plis ke lò
M vle viv avè w yon love san detou
Baby, même pas Après la mort
Pou n briye tankou flanm
Konekte kou kò ak nanm
Ret soude kou zo ak vyann
Virus lanmou n ap enjekte nan san n
Mwen vle pou w nanm k abite kò m, enèji ki fè m egziste
Ou se fanm ki fè kè m bat fò, ak ou mwen vle ret konekte
Fè yon vital koneksyon love pou nou pa janmen separe
Pou n ansanm pou letènite, ak ou lanmò m gen pou m defye
Mwen vle pou'w limyè nan fè nwè m, genyen w kòm sèl jij enteryè
Fè m wè rezon lè m nan erè, kondui'm sou wout ki fè bonè
Mwen m pa stil nèg ki just need fanm pou lè baton janm mwen bande
Men m vle pran men w wou k ap pran men m, sèvi m baton lè je m bande
M ap sèvi w krèm si w se vizaj yon fason pou'm jere bote w
M ap kòm jilè w si w se solda yon fason pou mwen pwoteje w
Konplisite se fòs lanmou, se pa maji, se lesansyèl
E nan kizin kote l ap kwit, pou mwen san ou l ap manke sèl
Baby m renmen w, ti kè m se pou ou
Pou mwen ou vo plis ke lò
M vle viv avè w yon love san detou
Baby, même pas Après la mort
Pou n briye tankou flanm
Konekte kou kò ak nanm
Ret soude kou zo ak vyann
Virus lanmou n ap enjekte nan san n
Nan chak grenn tèks ke w enspire m, se frap mo yo m renmen a vers m
Si w konn pi devan w pral kite m, prefere w pat renmen avè m
Ou fin gate m, banm abitid, des call, des textes love du matin
W antre nan kè m san pèmisyon, la peur du love perdu m'atteint
Lanmou m pou ou depase fòs mwen, ki donk renmen w rann mwen pi fò
An menm tan tou l ka sèvi m frèt koz si m pèdi w m ap tankou mò
M renmen w pou kè m, m renmen w pou vi m, ansanm mwen vle pou n fè wout la
Dòmi leve avè w chak jou se pi bèl rèv mwen nan vi sa
Mwen pap kache w okenn sekrè, beb mwen jire pou m pa manti
Mwen angaje pou m fè bonè w, so m pap fè anyen pou m anti
Si w se lavièj m ap konvèti paske m ap vle pou m sèvitè w
E chak fwa w vle simen lanmou, cheri m ap la pou m sèvi tè w
Si w pa te la bote nati a t ap manke eee
E se t ap pi gwo krim si chimen n pat rankontre eee
Bondye t ap mechan vre wi Cheri
Ou se powezi enspirasyon m
Ou se melodi ki fè chanson m
Ou se, ou se, ouuuuuuuu ou se nanm mwen
Baby m renmen w, ti kè m se pou ou
Pou mwen ou vo plis ke lò
M vle viv avè w yon love san detou
Baby, même pas Après la mort
Pou n briye tankou flanm
Konekte kou kò ak nanm
Ret soude kou zo ak vyann
Virus lanmou n ap enjekte nan san n