
Brefff Lyrics
- Genre:Hip Hop & Rap
- Year of Release:2023
Lyrics
Gade tèt ou yo pa ka diw anyen yo gad kisa'k nan pye'w
Move regard ou gen de mwen an frè'm e li'k pral toumante'w
Ou byen kache
E sa'w kwè… Kiyès kap gad dèyèw
Ou met tèt ou atè Wap puncher koman'w gen kontwòl dèyèw
Sèm!!! Vi an plis ke sa nan feyton ou wè
Viv vi an San pwoblèm li ka byen vre men sa'm pa janm wè'l
Lanmou an ka ht lèw panse fè sanblan
Sèks San lanmou rele KOKE
men avan tou li enpòtan
M'sou men'm menm lèm pa tèt anba
M'konn a kiyès m'annafè
M'mefyem de tout moun
Sa Ki real e Sak pi fake lan la
Ou ka di saw vle men sa pa di'm anyen
M'te diw m'pa melanje se pou koz pèsonel ke'w pat konnen
Alò sa'm ye nan je'w lan ret pou ou vit ta vie avec
Wap di tout vi'w ou eklere wap viv yon vi avèg
Tu t'appelles Lou boutin e'w tizè plizyè Mak
Sak enpòtan pou ou se kèk twal atache a yon Mak
M'fè remak ke tout moun vle parèt isit ,pwoblèm atansyon
Yo tout ta vle ret sèl anlè men domaj problème de pression
Anpil difamasyon, an fèt landjèz kap fèt selman
Yon melanj jalouzi ak mechanste se mal kap fèt selman
J'ai pas fait d'fact comment parler avec diplomatie
Dwèt mitan dirèk sans hesitation ken'n diplôme assit
M'vi'n a sa'm konnen , ide'm yo flou yo laj
Map rap map evite nwayad nan mal menm lè anndan'm gen rajjjj
M'pa lajan M'pap ka fè tout moun plezi
M'pa gen figi pla sousou yo mele youn pap jwenn sèvis
Youn al kouri di lòt machandiz lan pap gratis
M'bezwen zo se tou nòmal poum bay li a on pri
gen sa'k pou desann vre men se pap janm nivo'm Frè… Pantalèt
M'baw pou asiste nan game sa ou pap janm jwè
Wap goumen pou pase nan sa nou fi'n pase tchwèè
Ou bloke nan kopipas mon Frère koman'w ta vle pase klè