Loading...

Download
  • Genre:Others
  • Year of Release:2023

Lyrics

Egzòd 14:14


Sa a se chan delivrans mwen

Nan Sòm 91:7

Mil moun te mèt tonbe sou bò gòch ou

dimil sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou


Epi, li di nan Egzòd 14:14

Seyè a ap goumen pou nou

Nou menm, poze san nou


Gen mil agoch mwen

Di mil adwat mwen

Non mwen pa pè

Mwen pa poukont mwen


Kris nan bak mwen

M'pap pè anyen

Li pwoteje mwen

Se pou m' chante


Jezi, Jezi, Jezi

Papa, papa, papa

Men mwen, men mwen, men mwen

Kenbe m', kenbe m', kenbe m'


Nan Jeremi 29:11 li di

Se mwen ki konnen sa m' gen nan tèt mwen pou nou

Se mwen menm Seyè a k'ap pale

Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou

Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n'ap tann lan


Frèzesè

Ou pa konn wè kote pwòp fanmi w', zannmi pwòch

moun ki konnen w' pa vle w' avanse

Enben, kite m' di w' se pwomès ke BonDye fè

sou lavi w' la yo pa konprann, li twòp pou yo


Detewonòm 28:13 di konsa

Seyè a va mete nou devan, nou p'ap janm dèyè

N'a toujou anwo, nou p'ap janm anba

depi nou swiv tout lòd Seyè a, Bondye nou an

depi nou fè tou sa mwen mande nou fè jòdi a


Epi, nan Sòm 118:17 li di

Non, mwen p'ap mouri, M'a viv

M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen


Enben, frè m' ak sè m' yo

Mwen vle di w' ke ou pa nan kous ak pèsònn

Sispann konpare tèt ou, lavi w', pakou w' ak moun

BonDye voye chak moun ak misyon pa yo sou latè

Se poutèt sa li kreye w' diferan


Epi tande byen, li pral pase lwen e l'ap vole piwo avè w'

Sa mechan an ak lenmi yo pa t' panse, atann ni espere a

Se li yo pral wè nan boul je yo

Sèlman, rete trankil e Kris ap konbat pou ou

Paske batay la se nan men l' li ye


Jezi, Jezi, Jezi

Papa, papa, papa

Men mwen, men mwen, men mwen

Kenbe m', kenbe m', kenbe m'


Jezi piwo, piwo piwo

Satan piba, piba piba

Jezi piwo, piwo piwo

Satan piba, piba piba


Rubenson Termonfils

+

      -   or   -

      -   or   -

      NG +234
          -You can log in via below methods-
          Reset password via e-mail
          -or-
          Reset password via e-mail
          Feedback on resetting password
          * It may take a longer time

          Please Select A Playlist

          Add New Playlist

          Share on

          Embed: Love & Light EP

          Custom Size :

          • Default
          • Desktop(300*600)
          • Mobile(300*250)

          Type :

          • HTML/HTML5 (WordPress Supported)
          Get Boomplay Premium
          for
          Payment Method
          Pay With
            Review and pay
            Order Date
            Payment Method
            Due Today
            Flutterwave
              Subscription Successful

              Congratulations! You have successfully activated Boomplay 1 Month Premium.

              Now you have access to all the features of Boomplay App.
              Payment Failed

              Please check your balance and then try again.

              You'll lose your subscription if we don't have a working payment method for your account, so please check your payment details.
              Need help? Contact Boomplay Subscription Support.
              Payment Processing...
              10 s

              Payment is being processed by . Please wait while the order is being comfirmed.

              Payment Processing
              Your order is processing, and it may take up to a few days for the service provider to handle your payment. Please kindly stay tuned and check your order status in ‘User Center’.
              About Order Status