Fanm Kreyòl ft. Elder Charlot Lyrics
- Genre:World Music/Folklore
- Year of Release:2023
Lyrics
Ou ki pot lajwa ki pot lanmou
Ou va ret sou kè mwen pou toujou
Tankou on ti flè byen ra
Ki kache tout bote l
Pou lòm pa abize l
Tankou yon èvreda
Yon Metrès yon freda
Fanm peyi m sipèsta
Ou ki pot lajwa ki pot lanmou
Ou k mete limyè nan lavi nou
Ou ki fanm vanyan
Fanm poto mitan
Wa va ret sou kè mwen pou toujou
Fanm kreyòl yo ye
Fanm lakay yo ye
Bèl nègès yo ye
Fanm ayisyèn yo ye
Nou make listwa
Fanm kreyòl trase chimen pou kreye premye pèp nwa libere
Nou se senbòl kouraj, pasyans
Pou monn lan n se yon egzanp
Nan je w sere tout rèv limanite
Madan Sara, doktè, manbo
Fanm saj pot lavi nouvo
Kit se nan kay dèyè biwo
Fanm ayisyèn s on lòt nivo
Lonè respè pou sila yo
K ap reziste anba bouwo
Yo merite gwo kout chapo
Jete dlo selebre yo
Fanm kreyòl yo ye
Fanm lakay yo ye
Bèl nègès yo ye
Fanm ayisyèn yo ye
Ou ki pot lajwa ki pot lanmou
Wa va ret sou kè mwen pou toujou
Ou ki pot lajwa ki pot lanmou
Fanm kreyòl sou kè mwen pou toujou