Kafé anmè (Lanmou lou) Lyrics
- Genre:Latin music
- Year of Release:2018
Lyrics
Lanmou sa lou
Lè l vle l glise kou kalalou
Nan prese vale
Dèfwa m pa menm pran gou l
Ke m gen tò ke m gen rezon
Mwen mande padon
M finn fè gwo kòlè
Aprè tout sa l vle m fè
Yon lanmou ale vini
Men m trouve m nan siveye fi
Lè l soti pa gen dòmi
Tann m ap tann pòt la louvri
Lanmou sa pa nan rans
Gad jan li lage m san defans
Manti ou verite
Tout sa yo di m m pa wè m pa tande
Zanmi pawòl pa pou ou
Sak te di m tonbe damou
Pito m t achte l ak dola
M pat met tèt mwen nan traka sa
Yon lanmou ale vini
Menm trouve m nan siveye fi
Lè l soti pa gen dòmi
Tann m ap tann pòt la louvri
Zenglen lifetime guarantee tout tan
Cheri si'w paka pote'm pa trennen'm
Woy woy woy
Tankou kafe anmè ke m ap fòse bwè
Kòmsi m t ap dòmi je klè
Yon bann vye rèv m ap fè nan chache paradi sou tè
Men se ou mwen wè
Tankou kafe anmè ke m ap fòse bwè
Kòmsi m t ap dòmi je klè
Yon bann vye rèv m ap fè nan chache paradi sou tè
Men se ou mwen wè
Nan kisa m pran la
Lanmou sa tankou EDH
Pa konn kilè y ap bay
Kilè y ap pran l
Se pandan w ap pran ti filing
Epi yo koupe l sanzatann
It's like a heart beat skip
It's like a one-way trip
I feel like taking chances
I feel like going crazy
Tankou kafe anmè
Ke m ap fòse bwè
Kòmsi m t ap dòmi je klè
Yon bann vye rèv m ap fè
Chache paradi sou tè
Men se ou mwen wè
Tankou kafe anmè
Ke m ap fòse bwè
Kòmsi m t ap dòmi je klè
Yon bann vye rèv m ap fè
Chache paradi sou tè
Men se ou mwen wè
Nan kisa m pran la
Lanmou sa tankou EDH
Pa konn kilè y ap bay
Kilè y ap pran l
Se pandan w ap pran ti filing
Epi yo koupe l sanzatann
It's like a heartbeat skip
It's like a one-way trip
I feel like taking chances
I feel like going crazy
Woy woy woy