![14 ans](https://source.boomplaymusic.com/group10/M00/01/11/d12bdaf512e24915aac13891d20ec1b0_464_464.jpg)
14 ans Lyrics
- Genre:Others
- Year of Release:2023
Lyrics
Mpat panse ou son minè
Se tout bon aparans twonpe'm
Lanmou pa gen laj men nan laj ou mgen tisè
Mswetew pran tan ou ret tande'm
Mpa vle sosyete an mal gade mwen
Mpa vle gen problem ak konsyans mwen
se vre wanfòm ou gen tout sa yon gason dezire
Fon relasyon avèw pou mwen sa se yon vye lide
Saw panse paranw pral di
Tout fwa yo ta dekouvri
Ke mwen avèw nou renmen
Deja konn ap gen plenyen
Mbòw garanti relasyon sa prale yon trajedi
Sou do'm pap ka pot fado sa pito'n rete zanmi
Ou pap ka mennaj mwen
Koz ou pa nan size mwen
Lanmou pa gen laj
Men 14 ans d'âge
Ou pap ka mennaj mwen
Ou pap ka mennaj mwen
Koz ou pa nan size mwen
Lanmou pa gen laj
Men 14 ans d'âge
Ou pap ka mennaj mwen
Pito'm évitew,aprè devan pyès moun poum pa nan mande padon
Kite'm envite'w,pou'm fèw konprann ke sa wap manniganse a pa bon
Wi son foli,ou konn sa pral fè gwo bri
Détournement mineur sa ka fèm peyon gwo pri
Li ka kraze karyè'm menm prive mwen de libète'm
Paskew pa gen maturité e ou nan laj pibète'w
Mpap ankachèt ni nan lari
Pa pèsiste mvle'w fon ralanti
Se vre wentèrese avèk mwen men ou pap ka mennaj mwen
Solo beat
Ou pap ka mennaj mwen
Koz ou pa nan size mwen
Lanmou pa gen laj
Men 14 ans d'âge
Ou pap ka mennaj mwen
Ou pap ka mennaj mwen
Koz ou pa nan size mwen
Lanmou pa gen laj
Men 14 ans d'âge