![Oh Manman](https://source.boomplaymusic.com/group10/M00/12/25/e6df32f320494259b8b80c60be08abbb_464_464.jpg)
Oh Manman Lyrics
- Genre:World Music/Folklore
- Year of Release:2023
Lyrics
Mwen di oh manman
Mwen di oh manman
Le mwen wè ou ap soufri
Fe dlo vle toube nan je'm
Fe mwen anvi kriye
Paske mwen paka we'ou soufri anko anko anko
Lè ou gade piti'ou nan je
Ou pa ka bal manje
Ou pa gen tavay
Paske Peyi sa li menm li pa avanse
Tranbleman tè a vini
Li kraze tout bagay ou genyen
Li kraze tout bagay ou genyen
Siklòn nan vini li kraze tout bagay ou genyen
Pèp la nan lari a ap boule, kraze tout bagay ou genyen
Mwen di oh manman
Mwen di oh manman
Le mwen wè ou ap soufri
Fe dlo vle toube nan je'm
Fe mwen anvi kriye
Paske mwen paka we'ou soufri anko anko
Nan yon lòt peyi
Papa'm di li pral vwayaje
Nan sak ale yo si yo pa mouri nan dlo bet manje
Nan sak ki rive yo
Yo depote yo
Nan sak rive yo
Yo maltrete yo
Nan sak rive yo
Yo pa jwenn travay
Lè yo jwen travay
Se move travay
Mwen di oh manman
Mwen di oh manman
Le mwen wè ou ap soufri
Fe dlo vle toube nan je'm
Fe mwen anvi kriye
Paske mwen paka we'ou soufri anko anko
Mete a jenou pou'm ka priye pou Ayiti
Paske nan posisyon li ye a
Li fe anpil moun ap mouri
Bondye di yon mo
Chanje ke malfetè yo
Bondye di yon mo
Chanje kè dirijan yo
Bondye di yon mo
Paske si ou pa di yon mo
Petit yo ap mouri
Manman yo ap soufri
Mwen di oh manman
Mwen di oh manman
Le mwen wè ou ap soufri
Fe dlo vle toube nan je'm
Fe mwen anvi kriye
Paske mwen paka we'ou soufri anko anko