Espwa ft. Jonathan Valentin and friends Lyrics
- Genre:World Music/Folklore
- Year of Release:2022
Lyrics
Mwen louvri je m'
Solèy Klere
Anndan nanm mwen
G'on bèl ti van k'ape soufle
Bri ti zwazo k'ap chante
Bèl vag lanmè k'ap danse
Yon bonm l'espwa eklate
L' banm anvi viv mwen espere
Nan tout mizè m' pase
M' konnen g'on jou k' gen pou rive
Depi mwen espere M' konnen M' deja viktorye
Ak tout fòs m'ap travay
San parès ak zantray
Vin chita tande yon bèl istwa lespwa
Pa janm bouke espere
Kontinye reve tande
Pa janm bouke espere
Kontinye reve tande
Mwen gen lespwa
Yon jou m'a ranpòte batay sa
Mwen gen lespwa
Yon jou m'a kanpe sou tèt mòn sa
E m'a va di m' viktorye
Sa k' pa kontan ya anbake
Boujon lespwa va fèm sonje
Piga m' lage
Lè yon ti moun ap ri
Lè lanati fleri
Lè nou tout reyini
Lapè nou dekouvri
Lespwa ba nou lavi
Lè tout efò m' fini
Lè m' santi m' pral peri
Lespwa va fèm sonje
Ki kote m' prale
Ki kote m' soti
Gen moun ki pap janm konprann
Menm lasyans anvi aprann
Kijan Lespwa fè gen pouvwa konsa
Pa janm bouke espere
Kontinye reve tande
Pa janm bouke espere
Kontinye reve tande
Mwen gen lespwa
Yon jou m'a ranpòte batay sa
Mwen gen lespwa
Yon jou m'a kanpe sou tèt mòn sa
E m'a va di m' viktorye
Sa k' pa kontan ya anbake
Boujon lespwa va fèm sonje
Pigam lage
Piga W' bliye
Ki kote ou soti
E kote W' vle ale
Ak lespwa w'ap vanse
Piga W' bouke lite
Ak sa lavi Pote
Yon ti konsèy M' pote
Kenbe lespwa
Kenbe lespwa
Kenbe lespwa
Kenbe lespwa
Kenbe lespwa
Yon jou w' gen pou genyen batay sa
Kenbe lespwa
Yon jou w' gen pou genyen konba sa
E w'a va di w' viktorye
Sa K' pa kontan ya anbake
Boujon lespwa va fè W' sonje